D.P.M.-KANNTÈ: YON PON ANT FIKSYON AK REYALITE


pa Emmanuel W. Védrine


D.P.M.-Kanntè se yon bèl travay kote dramatij Jan MAPOU bay teyat nasyonal la yon lòt dimansyon. Zèv sa a se yon tranch nan peripesi pèp ayisyen ki pral chache lavi lòtbò dlo men, yon chache lavi ki detwi lavi. D.P.M.-Kanntè se yon trajikomedi, li trajik e komik alafwa. Byenke tablo pyès sa a gen pou wè ak koudeta Sedras la, sanmba Jan Mapou apou trase endirèkteman yon istwa depi sou rèy papadokratik la kote makout t ap pèsekite pèp la. Premyèman, nou jwenn filozofi sa a atravè kaptenn nan, frè MATYAS, yon makout, zenglendo ki swadizan konvèti men, kòm pwovèb la di: chen manjèd ze pa janm kite metye l; kè Matyas pa janm chanje; se yon sanpitye pou malere, yon kè di ki konn pòch li sèlman.

Mapou kontinye pou l montre kòman zenglendo lame t ap pèsekite botpipo sa yo atravè istwa chak ap rakonte pandan vwayaj la. Se yon veritab tablo istorik «koudeta trant septanm nan». Mapou montre tou yon sòt «inyon» ki egziste pandan pasaj la: chak rakonte istwa yo. Chak vin ak relijyon yo e yo manifeste kwayans yo san okenn prejije kote youn respekte lòt: sa k ap envoke Bondye, Simbi, Mèt Agwe... pou vin pote yo sekou lè yo ant chemen lanmò ak lavi. Nou kapab retrase kwayans sa yo atravè chante yo (konpozisyon Kiki WAINWRIGHT) ki jwe yon wòl kapital nan zèv sa a. Men malgre kwayans yo, nou pral wè nan sizyèm tablo a kote pesonn moun pa kapab rete chwal «desten» lè l ap kouri. Brid chwal sa a se nan men Bondye li ye.

Se nan tablo sa yo trajedi a reyèlman chita kote tout moun pral peri, esepte yon ti lezanj manman an fèk akouche ki pral sove. La a, se pwen santral zèv la kote anpil kritik ka poze tèt yo kesyon sa a: poukisa Jan Mapou vin kreye mirak sa a nan fen pyès la? Ki filozofi li gen dèyè tèt li? Mwen kwè la a gen anpil pwendentewogasyon yon kritik ka mete nan setyèm tablo a ki dènye sèn lan. Men, kòm mwen di deja, nou pa gen okenn pouvwa sou desten.

D.P.M.-Kanntè se yon fòm literati mwen ta renmen wè bonjan ekriven, sanmba ayisyen pwodui nan lang natifnatal la, yon literati ki gen manm, ki dyanm e ki gen bon epis ladan. Pyès sa a gen pou l tounen yon klasik. Mwen ta sijere tradui l nan lang anglè rapid ak tout kritik yo tou an anglè. Sa a, mwen garanti se yon liv ki kapab itilize nan etid sou «Etid Karayib», «Literati Karayib», «Etid Ayisyen», «Etid Nwa»... Mwen swete Mapou bòn chans ak pyès sa a e m swete l kontinye pwodui lòt bèl pyèsteyat an kreyòl ankò.


Haiti en Marche, Vol. XI, #1, fevriye 1997



(© E. W. Védrine)



Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com