|
Pale de 'solisyone kèk pwoblèm', nou wè deja yon bann ak yon pakèt Ayiti genyen. An patan, nou ka met anpil anfaz sou de (2) nan kèk fason sitiyasyon yo ka chanje. Nou vle pale de «konsyantizasyon» ak «òganizasyon».
1. «Konsyantizasyon» pa ta yon mo difisil pou n defini: imedyatman, nouwè «konsyans» ladan e nou ka pran konsyans de nou menm etan Ayisyen, nou gen yon drapo pou n defann, pran konsyans de tout pwoblèm peyi a e kisa nou ka fè kòm sitwayen (kisa m ka fè de pozitif nan devlopman Ayiti? Èske m ka kreye yon modèl pou lòt moun suiv? Ak tout esperyans mwen, èske m pa ta dwe «retounen nan kominote a» pou al ede lòt ki dèyè? Èske pwoblèm Ayiti se pwoblèm mwen? Èske si Ayiti te gen yon «imaj pozitif» zòt t ap fè yon «estereyotip pozitif» de mwen?) - Tout yon seri kesyon pou pran 'konsyans' kilès nou ye e kisa nou ka fè pou chanje «imaj negatif» peyi nou.
2. Nan «òganizasyon» an, tout gwoup ki sipoze òganize yo e kesyon n ap poze se: èske Ayisyen ka rive òganize tèt yo (nan tout domèn) san okenn hinghang? - Repons lan nan men yo e nan repons sa a, si yo panse kote pozitif li, y ap reyalize se youn nan pwen enpòtan pou pouse Ayiti vè lavan.
Nan ide sa a tou, se tout gwoup moun pwofesyonèl nou vize, kote yo ka menm anrejistre tèt yo anba labanyè yon «asosyasyon» men, pwen santral la nan sans sa a ta dwe «yon vizyon pou devlopman Ayiti».
Tèm «òganizasyon» an ta parèt global sou tout ang nou ta ka panse: etidyan, doktè, enjenyè, avoka, anseyan, chèrchè, kòdonye, achitèk, enfimyè, chofè transpò, pwofesè lekòl... pwofesyonèl (nan tout domèn), moun k ap pratike yon metye kèlkonk te ka panse.
Kèk pwoblèm ki fè «òganizasyon» an pa ka rive fèt:
a. Mank dinamis
b. Egoyis
c. Lespri koridò
d. Absans yon modèl
Nan pwen «a», 'mank dinamis', endividi a ap viv «au jour le jour» san yon plan byen detèmine nan tèt li kisa l ta panse reyalize nan dizan, nan ki etap li ta renmen ye nan yon lap de tan. La a, imedyatman, nou ka remake aspè «pwogrè» a, kote nou wè endividi a pa gen okenn ide «pwogrè» nan tèt li (sa l ta renmen akonpli).
Nan pwen «b», nou ka wè nosyon 'egoyis' la aklè: «mwen atenn yon nivo deja nan sosyete a, mwen pa bezwen pesonn rive nan wotè m ye a pou ta vin fè konpetisyon ak mwen» oubyen, «m ap rete nan ti klan m ye a». La a, kèk moun ou ti gwoup moun ki panse konsa separe tèt yo kareman de lòt gwoup, o pwofi soudevlopman peyi a. Se «mwen» ki domine olye «nou» (ki pwen santral la).
Nan pwen «c», 'lespri koridò', nou konnen 'koridò' se yon ale trè etwat. Kidonk, panse endividi a la a trè etwat: li pa gen yon vizyon pou l wè pi lwen (pozitivman) e sa konn rann li egoyis. Lespri l trè limite oubyen nou ka menm rele l «ti lespri».
Nan «absans yon modèl», nou wè pa gen yon «modèl lidèchip», yon chemen ki te trase deja pou suiv. E si pa aza ta gen yon ti modèl ki te la, li pa t byen estriktire; konsa, ki disparèt akoz mankman yon bonjan baz ki te tabli pou ta vin fè larelèv. Se tankou yon semans ki pa jèmen oubyen ki te tonbe move kote.
Ki solisyon a tout pwoblèm sa yo? -
Pou solisyone yon pwoblèm, premye bagay nou dwe fè se li l, reflechi sou li pou jwenn solisyon l. Se tankou yon doktè ki pral fè yon operasyon: li pa jis konsilte malad la epi pou l di li pral met kouto sou li men li fè yon dyagnostik avan, li gen yon seri machasuiv pou konnen maladi a fen e byen. Sèdike la a, nou menm ki plizoumwen nan yon nivo pou konprann sitiyasyon Ayiti, premyèman se ta konsyantize n dabò, konsyantize maksimòm moun (nan chak domèn) epi gade ak ki preskripsyon nou ka vini.
Si se pwofesè lekòl nou ye, enben nou pral gwoupe nou an «asosyasyon pwofesè lekòl» e lè n gwoupe nou, nou vin gen plis fòs paske n ap rankonre tanzantan pou diskite pwoblèm n ap konfwonte, pwoblèm elèv ap konfwonte, pwoblèm timoun ki pa ka al lekòl, pwoblèm founiti paran timoun pa gen kòb pou achte, pwoblèm pwofesè k bezwen prepare avan yo kòmanse anseye, pwoblèm salè ki bezwen ajiste, transpòtasyon pou elèv, òganize joune pou elèv aprann vwayaje nan tout rakwen peyi a, pwodiksyon materyèl didaktik, òganizasyon fwa liv chak ane (omwen) pou konn sa k disponib, sa k ka itilize nan lekòl e panse tou a sa n ka rele «yon lekòl pratik», kote elèv la lè l fin atenn yon nivo, li kapab ede tèt li ak sosyete l ap viv la e ki estrateji posib pou solisyone tout pwoblèm sa yo.
Menm ide sa yo kapab aplikab pou tout lòt pwofesyonèl men nan tout, dwe ekziste yon pwen komen: «devlopman Ayiti o maksimòm». Konsa, kèk nan pwoblèm peyi a ka rive solisyone trapde lè motè machin «konsyantizasyon» ak «òganizasyon» an va fonksyone kòmsadwa.
(© E. W. Védrine, ivè 2000) |