|
Baay Florida sa a... de tout fason se yon sous enspirasyon totalkapital, se esperyans granmoun nan. Se yon trajikomedi. Byenke sitwayen Jan MAPOU k ap viv nan Miyami ekri kèk trajikomedi (kouwè DPM - Kanntè...), li posib pou kouzen MAPOU ak kèk lòt Koukouy ap layite yon pyèsteyat longpleying sou koze sila a.
Bon, gen kèk mesaj poste nan plizyè fowòm sou koze a, men m remake anpil moun pa tèlman debat koze a nan fowòm ayisyen yo, yon koze k si enpòtan nan kad Kominote Ayisyèn nan konte sa yo Florida, patikilyèman Miami Dade County kote 10.700 bilten (alò bilten papiyon) ta pase nan machin men moun poko konnen si pèp la te vote pou Jak osnon pou Pyè.
Se premye fwa m wè yon tèl pyèsteyat politik Etazini. Sèn yo long long! Sèn yo pi long pase yon lajounen mizè, pi long pase larivyè Misisipi. M tande yo toujou di pa janm gen koudeta k fèt nan peyi Tonton Sam; sètadi peyi ki ta pi demokratik sou latè benni. Poudi se vre? Yodi genlè manti. Bon Yodi, ou manti tankou chen!
Je pa gen bòday, ann gade sa k ap rive nan kèk jou pou zafè kle a mesye yo bezwen pou ouvè depo tranzisyon an ak kèt y ap fè pou ti seza anvan 20 janvye rive. Joujoulakonmedi, ou menm ki patwon tout konmedi sou latè, esplike nou non konmedi sa a! Di nou non Joujou si Oliwoud pa pral soti yon fim waytouke sou teyatanwon sa a. |